Ayibobo Mwen santi m ayibobo Lè m ap manje yon bobori Nan Ayiti chéri Lè m nan paradiw m ap bobo. Ayiti ayibobo, ou se yon kado Peyi anakawona, peyi kawonabo Zile sila se yon flanbo K'ap naje, tenyen anba flo. Ayiti ayibobo, se yon kout tanbou Se yon lanbi makonnen Se yon son bambou Ki rive jous nan ginen. Ayiti ayibobo, se kiskeya boyo Se yon konbit ougan, manbo K'ap rele sa nou pa wè yo K'ap rele ibolele, nou se ibo. Ayibobo pou Guyveco.
Sur ce blogue, le réel trouve son refuge pour traduire l'imaginaire à travers une littérature bien ordonnée. Sans oublier la chose poétique qui se régalera sur ces murs.