Ayibobo
Mwen santi m ayibobo
Lè m ap manje yon bobori
Nan Ayiti chéri
Lè m nan paradiw m ap bobo.
Ayiti ayibobo, ou se yon kado
Peyi anakawona, peyi kawonabo
Zile sila se yon flanbo
K'ap naje, tenyen anba flo.
Ayiti ayibobo, se yon kout tanbou
Se yon lanbi makonnen
Se yon son bambou
Ki rive jous nan ginen.
Ayiti ayibobo, se kiskeya boyo
Se yon konbit ougan, manbo
K'ap rele sa nou pa wè yo
K'ap rele ibolele, nou se ibo.
Ayibobo pou Guyveco.
Commentaires