Rapò de jounen mwen ayè mèkredi 29 mas la nan kad desizyon mwen te pran pou mwen te ale lavil a pye pandan ke mwen kafou.
Sa se mesaj kem te pibliye madi 28 mas sou facebook :
Demen maten, map fè kafou a lavil a pye pou m' ale lekol se yon fason pou m' eksprime dezakò ak sistèm transpò a ki merite chanje, pou chofè k'ap fè stil sou pasajè, pou moun ki antase tankou aransò nan kamyonèt..... pou yon bann lot rezon ke nou konnen e ap viv chak jou.
Nan demen, 29 mas 2017
Mwen te leve bonè e mwen te motive pou mwen te tanmen mache, pran rout mwen. Se sa m' te vle fè, mwen te pwomèt tèt mwen sa e fò m te fèl.
Je me lance, il est 6 heures passées de 58 minutes.
Le soleil est beau, je déguste ma vitamine D. J'écoute love pou love de Belo.
Je suis arrivé au centre-ville, un parcours(en mode piéton)effectué en 1 heure 20 minutes.
Kòmantè yo te komanse rive:
-TU NE PEUX RIEN CHANGER TOUT SEUL.
-Map endinye lew sou yon 100 vwayaj
-Se yon bon lide men èske li ap gen yon enpak vre. M pa kwè non. Ou te ka fè on mouvman ak lide sa. Chache 100 moun ki ap fè menm pakou avè w apeprè epi fè yo rejwenn mouvman an.
Men sa mwen te reponn ak kòmantè sa: "se mwen ki pou kòmanse, Mwen pa pral eseye endinye pèsonn, se travay pa yo" paske se moun yo ki pou endinye avan epi rejwenn mouvman pam lan si yo jije ke li ka rezoud pwoblèm lan. San ke mwen pa retire mwayen poum envite lòt moun rejwenn mwen.
Demwazèl la te vinn reponn mwen konsa:

Non ou pa konprann. Sa ou fè jodi an se yon bèl bagay sou plan senbolik men li pa okenn enpak sou pwoblèm ou swete rezoud lan. Puiske ou se yon lidè, li enpòtan pou w ka travay sou kapasite w pou w konvenk moun, ralye yo a lide ou genyen. Ou pa ka fè revolisyon pou kont ou.
Mwen te dako avèl e mwen te dil ke mwen te vle fè premye pa a, paske mwen ta renmen lè m'ap pale de solisyon sila ki se mache a pye a pou mwen gen prèv e ke se pa pawòl anlè m'ap bay, ke mwen pa sèlman pale men mwen fè aksyon.
Lòt kòmantè:
Eske sa w fè a ap chanje yon bagay? Sa mande pou w' pi di ak sistèm sila.
Men sa mwen te reponn:
Mwen pa konnen mwen jis te santi li nesesè. Mwen ret kwè lè yon moun endinye de yon bagay li dwe aji e se te fason pam pou m te poze aksyon ki daprè mwen ka chanje anpil bagay si tout moun ta adopte.
Kòmantè yo te fèm plezi e mwen rete kwè se pat dènye fwa mwen t'ap fèl. M'ap mache pou yon bon sistèm transpò an ayiti e ou? Si w vle rejwenn mouvman sila kontaktem nan nimewo sa yo: (+509) 4420-4485 ak 4448-4699.
Guyveco
Ensemble, on peut changer Haïti!

Commentaires