Lanmou m tanmen pou ou depi fim barikad la, mwen te wè nan je w yon moun ki gen rèv e ki vle ale lwen, mwen te rive dekouvri pèsonalite w nan fim ou jwe yo. Mwen te toujou panse ou se yon moun ekstraòdinè. Kòm fò w te yon vedèt pou m te konnen w menm sispèk ou se yon bèl nanm mwen t ap toujou damou menm si te jis Gessica Geneus san okenn lòt deskripsyon ak lòt gwo tonton kalikatif.
Yon jou, nan televizyon an je m kwaze pa w. Mwen te vle kwè je w te syèl paske zetwal te rive abite nan yo, li t ap klere, chak fwa mwen t ap gade w ou t ap rale m vin jwenn ou men chak tan mwen te panse m pi pre men poutan mwfn te pi lwen. Mwen te remèsye syèl ak latè jou sila kote se pa t dèyè yon bout vit mwen t ap gade w. Jou mwen te kontre w bab pou bab, nou te pale, mwen sonje mwen te mande w yon bo bò machwè m pou m te santi w vivan sou po m, pou si m tap reve je kale pou m te reveye.
Tu as cette largesse d'esprit
Qui jaillit d'une source qui ne tarit pas,
Tu ne déguises pas le réel
Tu le peins tel quel est.
Tu es sortie de loin chercher ta lampe pour la mettre sur la table pour éclairer tes sœurs qui sont en quête d’étincelles et de lumières. Tu es un instrument du don. Je t'aime et je pourrai bien échanger mes mots contre des perles de pluie pour arroser le jardin de tes rêves mais je n'ai que ça, juste des mots qui malgré leurs usages fréquents cherchent à te plaire. Et moi, dans mon humble espérance, je croise les doigts pour qu'ils t'extirpent un sourire.
Si m poze tèt mwen kesyon
Poukisa mwen renmen w
Mwen sanble ta pare pou m mande lalin lan poukisa li gen do bosi
Pouki yo paka bare dlo kap koule nan gran chimen.
Ou fèm vin konprann lanmou pa konplike
Se yon dous, yon cho, piman, pike
E si w ta yon piman
Mwen ta vle tounen jiwòf
Konsa mwen ta pran yon ti jòf
Nan touf sekrè w.
John Guyve François (Guyveco)
Je t'aime Gessica Généus.
Commentaires