Tankou kondane m’ap di
w ou blese m jis nan nanm
Kounya mwen tounen yon
labouyi tounen
Je vis ce que j’écris
Et j’écris ce que je vis
Sans me demander mon avis,
Tu es rentrée dans
mes parvis
Et tu as volé ma couronne de vie
Je suis maintenant comme un genou sans synovie.
Mon cœur est mal né
Et je commence cette nouvelle année
Avec ce cœur contrit et brisé
Et les blessures que tu as laissées ne sauraient
être cicatrisées.
Mwen sanble yon
petevi k’ap chante yon melovivi
Lapèsònn o baybay se sèl mizik nan repètwa m
Sa fè mwen mal tankou yon grangou nan vant yon
ti tchovi
Ou kraze kui m, pote lapenn nan kèm sanble se
sèl kwa m’
Depi
lè w ale a, istwa lavi mwen fin ekri paske w te lank nan plim lavi m. Mwen vini
tounen yon lemonn san syèl paske w' te akansyèl nan syèl lesprim ou te konn
anpeche dlo nwaye m', kounya m’ap naje pou m' sòti men mwen pa konnen sa k’ap tann
mwen bo rivaj la. Mwen gen kèk tan m’ap frape nan pòt bonè, mwen di lonè men pa gen moun
ki di respè.
Ou ale
ak tout sa m genyen , tankou lèt kandelam ou kaye sou po m, ou te sèl
mekanisyen ki te konn sa m' genyen sou kapo m'. Kounya pyès mwen pa grese-sere,
motè m' chofe. Se sèl ou ki te ka fèm stat ak yon sèl kout kle men fòk kè m' jwenn yon lòt bèso, kò m dwe jwenn yon lòt sèso ki pou kwoke l, yon lòt bòs ki
pou donte l.
Mwen
regrèt karès ou yo, ti bouch ke m' te konn fè fè ti tòtòt. Men chimen nou bout,
fòk nou bliye tout bèl souvni. Jodia se dènye jou je m' fè tè pwa tè mayi pou
ou.
Texte dedié à Itamar Edouard
Guyveco
Commentaires