Aswè a
Aswè a, depi lanjelis sonnen, kann zaboka pral sèvi w zòrye, ou pap ka dòmi, mwen pral fè w konnen koulè sik, ou pral santi yon doulè ki dous nan sous lèt ak myèl mwen.
Aswè a, mwen pral monte miro w, miba w, mwen pral jwe nan mitan teren w menm jan ak kasemiro men mwen pap jwe bosal, mwen vle pito bo w, sal ou ak labou lanmou ti doudou. Lanmou pa m se akasan siro, mwen pral maronnen avè w menm jan pèsi mare ak pwaro. Mwen pral mezire w san santimèt, benyen tout sifas kò w ak saliv. Mwen pral roule w de bò, mwen pral fè maji sou ou, m ap tounen bòkò w.
Mwen te bwè yon kleren bwa kochon, mwen pral lage w nan bwase ren tankou yon pèleren ki nan yon seremoni vodou anba tonèl mwen. Mwen pral tounen sourit ki pran nan pèlen w, lè m ap vle sòti, w ap vle kenbe m anndan kaj ou jouk mwen rive nan deklen.
Aswè a m'ap sèlman mande "ban m fè nwa m ak blakawout mwen".
John Guyve François (Guyveco)
fjohnguyve@gmail.com
Commentaires